Pèp Kanadyen mande Ayiti padon, 10 zan apre koudeta a

Militè Kanadyen, 29 fevriye 2004
Militè Kanadyen, Ayewopo Potoprens, 29 fevriye 2004

Noumenm, ki siyen deklarasyon sa a, nou vle tout moun, espesyalman pèp Ayisyen an, konnen ki jan lawont ak kòlè anvayi nanm nou, lè nou sètoblije konstate patisipasyon Gouvènman Kanadyen an nan Koudeta 29 fevriye 2004 la; Sila a ki te kapote Gouvènman Ayisyen an, ki te gen alatèt li, Prezidan Jean-Bertrand Aristide, lidè lejitim peyi a ki te pran pouvwa nan kad eleksyon lib-e-libè.

Menmsi, jiskaprezan gwo majorite Kanadyen yo nan fè nwa osijè Koudeta a ak konsekans li genyen sou pèp Ayisyen an, noumenm ki siyen deklarasyon sa a, se nan non tout Kanadyen alawonnbadè nou bese byen ba pou nou mande pèp Ayisyen an padon pou latriye gwo dega nou konnen Koudeta sila a lakòz nan peyi nou an.

Dis (10) zan apre Koudeta a, nou siyen deklarasyon sa a paske gen anpil prèv ki bay latwoublay, men pèsonn pa ka nye yo, ki montre aklè:

1) Kanada te rantre byen fon nan konplo Koudeta a. Ojis, depi yon lane davans, soti 31 janvye rive 1 fevriye 2003, se Kanada ki te ofri ladesant pou kichòy yo te batize  Inisyativ Otawa sou Ayiti. Reyinyon tèt chaje sa a te fèt nan chalè Gouvènman Kanadyen an ki tabli nan “Lak Mitch”, toupre vil Gatino, nan pwovens Kebèk. Sete yon reyinyon pou konplotè yo te prepare kijan yo ta pral fè Koudeta a, epi kore li byen kore annapre.

A Canadian helicopter flies over the Presidential Palace as the coup unfolds.
Elikoptè Kanadyen ap fè viwonn palè nasyonal la, nan Potoprens,  pandan koudeta a t ap pran chè.

2) Kanada te patisipe kare bare nan zak gwoponyèt sa a ki te fòse Prezidan Aristide kite Ayiti epi ale kanpe lwen annekzil jouk sou kontinan Lafrik la. Plizyè sòlda Kanadyen, espesyalman yon ekip ki t ap feraye nan ekip operasyon espesyal Joint Task Force 2, te resevwa lòd nan men chèf yerachik yo, reprezantan gouvènman Kanadyen an, pou yo pote kole ak mèsesè lokal yo ansanm ak militè Meriken ki te gen tan rive nan vil Pòtoprens, Ayiti, kote yo ta pral fè Koudeta a.

Daprè Achiv Palman Kanadyen an, jou ki te 10 mas 2004 la, kidonk, dis (10) jou apre Koudeta a, Manm Palman (MP) Stockwell Day, kritik Afè Etranjè pou pati Konsèvatè a, ki te nan opozisyon alepòk, te deklare, kare bare, nan Palman an : « Bon, kounye a, nou gen yon chèfdeta eli, li rele Aristide. Se vre, noumenm, nou ta gen dwa pa t ap janm vote pou li. Li gen dwa pa kalte chèf ki t ap janm jwenn vòt nou. Mèzalò, gouvènman (Kanadyen an) deside kareman fòk yo chanje rejim nan peyi sa a (Ayiti). Men, sa, se yon kesyon serye ki merite pou nou chita sou li. Ojis menm, sou baz ki kritè yo te pran desizyon sa a? Fòk nou diskite sou sa! …Wi, li klè se te yon chanjman rejim. E, kit nou vle admèt sa ou pa, nou te patisipe ladan l…»

An RCMP officer training Haitian National Police recruits in 2005.
Ofisye Polis Kanadyen (RCMP) ap antrene nouvo polisye PNH yo nan ane 2005.

3) Apre Koudeta a, te vin genyen tout kalite zak tèrib tankou masak, arestasyon ak anprizonman ilegal ak pèsekisyon pwennfèpa kont sila yo ki te kanpe pou defann demokrasi nan peyi a. Yon lòt kote, se tout eskanp politik ak ekonomi gouvènman pèp la te chwazi nan eleksyon demokratik la zòt te anmize yo dekonstonbre pak-an-pak. Gouvènman popetwèl Etazini vin enstale nan peyi a, apre Koudeta a, se yon seri rejim ki gen vyolasyon grav sou dwa moun kòm mak fabrik yo.

4) Youn nan pi gwo konsekans Koudeta a ak okipasyon etranjè a, se lè nou konsidere Ayiti, yon peyi ki pat janm genyen okenn ka kolera depi plis pase san (100) tan, vwalatilpa, aklèkile, se limenm k ap sibi pi michan epidemi kolera limanite konnen nan tan IMG_3747modèn sa a. Kantite moun ki mouri anba maladi kolera a gen tan rive sou uit mil senk san (8500). E, daprè chif mwa janvye 2014, se plis pase sèt san mil (700.000) moun ki deja tonbe malad akòz bakteri sa a.

Yon latriye etid syantifik ki fèt separe, youn parapò ak lòt, lonji dwèt dirèkteman sou responsablite Nasyonzini nan kontaminasyon youn nan pi gwo resous peyi a. Alèkile, se san di pètèt, nou ka deklare: se nan mwa oktòb 2010, yon ekip sòlda Nasyonzini ki nan peyi a te lage kaka ak dlo pipi nan rivyè « la Meille », ki, limenm, ale bout nan Flèv Latibonit. Jouk alèkile, Nasyonzini ap fè wondonmon, yo refize rekonèt se yomenm ki lakòz zak sa a ki se yon krim – kit odepa sete yon aksidan osnon yon zak malfezans.

Noumenm ki siyen lèt sa a, nou ap kore tout jefò pou fòse Nasyonzini bay viktim kolera yo jistis ak reparasyon, kòmsadwa. Pami gwoup k ap goumen règchèch pou kòz sila a, genyen Bureau des Avocats Internationaux ak the Institute for Justice and Democracy in Haïti.

5) Depi jou Koudeta a, se ak anpil kou nan do sektè demokratik ak popilè a ap madebat arekilon. Yo te pran kouraj yo ak de bra pou yo te konbat jouk yo te rive dechouke diktati Duvalier a, nan ane 1986 . Poutan, kounye a, yo sètoblije ap gade Pèp Ayisyen an k ap dangoye anba yon gouvènman lamayòt peyi Etazini mete opouvwa ann Ayiti ak fòs ponyèt li. Aktyèlman, Kanada ap kore gouvènman neyo-Duvalieris sa a tèt kale. Sou rejim sa a, konplis nasyonal ak entènasyonal Jean-Claude Duvalier yo bay ansyen diktatè a yon lisans total kapital pou li pase viktim li yo anba rizib, depi jou janvye 2011, li te retounen nan peyi a.

Wòl Kanada jwe nan planifikasyon ak ekzekisyon Koudeta 29 fevriye 2004 la, nan okipasyon militè ilegal yo vin itilize pou yo kore koudeta sa a, epi ki vin kaselezo pou li bay epidemi kolera a, se yon kokennchenn sous lamizè ak enjistis kont pèp Ayisyen an.

Nou mande tout Kanadyen, nan non pèsonèl yo, ak nan non òganizasyon yo manm ladan yo, pou yo pran tout kalite aksyon valab dekwa pou nou fòse fòs okipasyon ki ap toupizi Ayiti yo, rekonèt epi repare kòmsadwa tout malsite yo ap fè pèp Ayisyen an sibi, depi dikdantan.

[emailpetition id=”1″] [signaturelist id=”1″]